Pwojè Chanpyon — 1e Hackathon Ayiti AI 2025

Analiz Plant
100% San Entènèt

Pwoteje rekòt mayi, tomat ak piman. Agribot sèvi ak entèlijans atifisyèl pou detekte maladi sou fèy plant dirèkteman sou telefòn ou, menm lè pa gen rezo entènèt.

Agribot app mockup

1e Plas

Ayiti AI 2025

Evite Pèt nan Rekòt yo an Ayiti

Sekirite alimantè vin posib lè nou bay repons rapid. Agribot ede detekte maladi yo bonè pou sove plant yo epi evite gwo pèt.

Ayiti: Sekirite Alimantè

4.9M+

Moun ki nan gwo ensekirite alimantè (IPC Faz 3+). Mayi se yon kilti ki vital pou yo.

Pèt nan Agrikilti

20–40%

Pousantaj rekòt kiltivatè yo pèdi chak ane akòz maladi, ensèk, ak move swen.

Valè Rekòt yo

Kalori & Aksè

Kilti mayi a se sous nitrisyonèl ki pi efikas pou anpil kominote ki pa gen gwo resous.

ODD Vize: ODD 2 — Zewo Grangou
ODD 8 — Travay Desan & Kwasans

Pwojè Chanpyon 1e Hackathon Ayiti AI

Agribot te genyen premye plas nan premye Hackathon Ayiti AI an 2025. Yon jiri ekspè te rekonpanse pwojè sa a pou inovasyon offline li ak gwo enpak li kapab pote pou agrikilti nan peyi a.

AI 100% Offline (San Entènèt)

Premye solisyon an Ayiti ki entegre modèl aprantisaj pwofon (MobileNetV2/TFLite) dirèkteman sou telefòn, san okenn koneksyon rezo.

Enpak Dirèk sou Tè a

Yon zouti pratik ak rapid pou ede ti kiltivatè yo pran bon desizyon sou plas epi pwoteje rekòt yo kont maladi ravajè.

Fèt an Kreyòl Ayisyen

Tout entèfas la ak rekòmandasyon tretman yo fèt an kreyòl pou asire tout kiltivatè ka sèvi avè l san pwoblèm.

2025

1e PRI

Ayiti AI Hackathon

Agribot: Entèlijans nan Pòch ou

Yon entèfas ki senp, rapid, epi ki fèt espesyalman pou fonksyone nan kondisyon kote ki pa gen rezo entènèt.

100% San Entènèt

Aplikasyon an pa bezwen okenn koneksyon done pou analize fèy malad yo.

Entèfas an Kreyòl

Tout meni, dyagnostik ak konsèy tretman yo ekri an kreyòl ayisyen.

Dyagnostik Imedya

Detekte maladi a nan mwens pase yon segonn epi bay solisyon pratik.

Pran Foto & Galri

Sèvi ak kamera telefòn ou oswa chwazi yon foto ki te deja anrejistre.

Vèsyon Beta: Rezilta klè, konsèy rapid, tout bagay mache dirèkteman sou telefòn ou.
Teste Live Demo a

Teknoloji Offline an Aksyon

Men kijan nou rive fè entèlijans atifisyèl fonksyone sou mobil san entènèt ak vitès ekselan.

01

Rezo Konvolisyonèl (CNN)

Modèl AI a analize pattern vizyèl fèy yo pou detekte tach, chanjman koulè, ak nivo estrès plant yo.

02

MobileNetV2

Yon achitekti AI ki optimize pou mobil. Li trè lejè epi li konsome trè ti kouran sou telefòn.

03

Transfer Learning

Modèl la te antrene ak optimize espesyalman sou fèy mayi — sèl kilti li kouvri pou moman an.

04

TensorFlow Lite

Nou konvèti modèl la an fòma TFLite pou pèmèt kalkil yo fèt 100% sou processeur telefòn nan.

Ekip Crusaders

Moun ki pote vizyon sa a pou transfòme agrikilti ak teknoloji an Ayiti.

Allen Declerus

Allen Declerus

Devlopè Backend

Falandy Jean

Falandy Jean

Enjenyè AI

Mireau-Jules Saint-Louis

Mireau-Jules Saint-Louis

Responsab Pwojè

"Nou pa sèlman bati yon aplikasyon — nou bati yon zouti pou sekirite alimantè ak souverènte teknolojik Ayiti."

Koumanse Teste

Telechaje & Kòmanse

Eseye aplikasyon an dirèkteman sou telefòn Android ou oswa teste li sou navigatè ou kounye a.

Vèsyon Mobil (Android APK)

Telechaje fichye APK a epi enstale l sou telefòn ou pou teste kapasite 100% offline a.

Telechaje APK (Beta)

Vèsyon Web (Live Demo)

Ou ka teste modèl AI a dirèkteman sou entènèt depi sou ordinatè oswa telefòn ou.

Louvri Live Demo